In this episode, we explore the relationship between Haiti and CARICOM through the lens of neighborly love — what it looks like, how it grows, and what happens when it becomes complicated. We revisit Haiti’s historic role in the Caribbean region, reflect on the meaning of community, and talk honestly about care, compassion, and responsibility. Note: this is a gentle, educational space for learning, not blaming — a place to understand our shared history and imagine how we can all be better neighbors moving forward.
🇭🇹 Kreyòl Translation
Hey Ti Bebe, èske w konnen kisa CARICOM ye? Se yon ekip peyi Karayib yo ki travay ansanm, pataje lide, epi eseye ede youn lòt. Objektif CARICOM se fè ekonomi peyi yo grandi, travay ansanm sou politik etranjè, pataje sèvis sante ak sosyal, epi ranfòse sekirite pou pwoteje youn lòt. Se tankou yon katye kote tout moun dakò pou veye youn sou lòt.
Mo vokab: vwazen
Yon vwazen se yon moun ki pre w, ki ede w lè w bezwen. E nan Karayib la, nou tout se vwazen.
Ayiti te vin manm CARICOM an 2002. Ayiti, kòm premye repiblik nwa nan mond lan, te chanje tout rejyon Karayib la. Ayiti te enspire lòt esklav nan Jamayik, ansanm ak lòt mouvman rezistans ki te mete presyon sou Angletè pou yo sispann komès esklav an 1807, epi pou yo aboli esklavaj nan koloni yo an 1834.
Ayiti te montre Karayib la — ak tout mond lan — ke libète posib. Ayiti te premye ki kase chenn esklavaj yo, epi rès Karayib la te swiv. Ayiti te louvri pòt libète a.
Kounye a, kèk vwazen CARICOM nou yo ap reflechi sou fason pou ede Ayiti ... Gen kèk vwazen ki vle mete limit sou antre Ayisyen, sispann “lib mouvman,” oswa voye moun yo tounen rapid. Yo di rezon yo se sekirite, mank resous, ak mank espas pou ede.
Jodi a, Ayiti ap fè fas ak gwo defi. Defi sa yo pa sòti nenpot kote. Ayiti te peye yon gwo pri paske li te premye ki pran libète, premye ki fini ak esklavaj, epi premye ki enspire rès Karayib la.
Dezyèm mo vokab: ede
Menm jan Ayiti te ede mond lan lè li te vin premye nasyon ki aboli esklavaj nèt ak pou tout tan, nou swete kounye a, pandan n ap kontinye peye pou sa, ke vwazen nou yo ka ede nou tou.
E si yo pap ede, se pa grav — Ayiti toujou fè yon jan.
N a wè pwochen fwa pou plis Istwa Ayisyen.
E sonje, Ti Bebe — L’union fait la force.
Информация по комментариям в разработке